musicas.mus.br
Letras de músicas - letra de música - letra da música - letras e cifras - letras traduzidas - letra traduzida - lyrics - paroles - lyric - canciones - SA K AP RETE M - D-FI POWèT REVòLTE - música e letra
Utilize o abecedário abaixo para abrir as páginas de letras dos artistas
Sa K ap Rete m letra
Nan kouri dèyè rèv mwen, m bliye reyalite m
Nan kouri dèyè vi lari m bliye kote m te abite
Panse viv nenpòt jan te ka fè m bliye sousi m
Man ke syèl la pwoteje m pou w pa wè m k ap mouri
Kè m brize, M ap chache on epòl pou apiye m
Se tout dlo kòm ki sèch e pa mwen k sispann kriye
Konstui D-Fi ou detui Rhod m pa konn sa m pi krent
Priye pou m pa pèdi chimen m, vi atis se on labirent
Souvni yo ap ante m, m bliye bliye
Rap louvri je m, m aprann batay
M bliye pliye m
M pa bliye prensip mwen yo, te di m: Pa gen valè si pa gen vis
Papa pa gen plezi si pa gen risk
M bliye si ou atis se lè ou lib, M ret prizonye
Coach Carter pou ede lòt klere m bliye briye
M koute plenyen yo
Echèk mwen se p ap mouri pòv ou pa fè hit
Men desevwa moun m renmen yo
M ap chache lapè m, ego m maltrete m
Malad rap, yo te di m se on album k ap trete m
M peye menm pou sa m pa t prete
M bay tout mwen menm, o final di m kisa k ap rete m
M ap chache lapè m, ego m maltrete m
Malad rap, yo te di m se on album k ap trete m
M peye menm pou sa m pa t prete
M bay tout mwen menm, o final di m kisa k ap rete m
Se vre m vin gen fàn, men m pa bliye zanmi m
Se vre m vin gen zam, men m pa bliye pran plim
M pa bliye nou egal, menm si m gen sèn
Atis sensè, m pa gen gwoupi, m gen frè m gen sè
M satisfè e menm si m pa rantre kòb
M pa bliye gen nèg ki fè djòb sal pou m te ka vanse pwòp
Lapinòk, ou pa konn sa ou ye pou mwen
M pa konn si ou ap mouri pou mwen men m konnen ou ap touye pou mwen
Nou ban m sa m pa merite
M pito sowo nan Lajenès ke siwòk nan kare V.I. p
Pa pran m pou vedèt menm si ou wè m sou tele
M ap konnen ou se on vrè si avan D-FI ou te konn Zoe-Tele
M pa chanje, petèt lòt fèy men menm rasin
Vanse san rankin men m p ap bliye Matin
M koute plenyen yo
Pi gwo desepsyon m antan k atis se pase pou atis nan je moun m renmen yo
M ap chache lapè m, ego m maltrete m
Malad rap, yo te di m se on album k ap trete m
M peye menm pou sa m pa t prete
M bay tout mwen menm, o final di m kisa k ap rete m
M ap chache lapè m, ego m maltrete m
Malad rap, yo te di m se on album k ap trete m
M peye menm pou sa m pa t prete
M bay tout mwen menm, o final di m kisa k ap rete m
M gen anpil pou m ratrape
M ka bliye sa k te pouse m nan rap men m pa bliye pouki m t ap rape
Jay Z di m street is watching
Reyisi pou yo fòk m gen viza, bout swag woule machin
Sòt yo kontre ak lespri m
Yo pa t janm kwè si on jou rap mizik t ap ban m estim
Men m pèdi feeling, la raz
M bliye download beat sou YouTube depi lè m gen Filip ak Kaz
E yo te di m, bay tout ou menm, menm si yo p ap resevwa w
Reziste, ou ap mouri jou w bese vwa w
E m te batay, m pa t bliye lige
Sa m pèdi yo gen plis valè ke sa m genyen yo m p ap bliye Zile
Se pa on vi se on konba, Powèt Revòlte
Koz la nòb simen lanmou, menm si se èn nou rekòlte
M koute plenyen yo
Feblès mwen nan batay se pa grangou, ni krent lanmò, men moun m renmen yo
M ap chache lapè m, ego m maltrete m
Malad rap, yo te di m se on album k ap trete m
M peye menm pou sa m pa t prete
M bay tout mwen menm, o final di m kisa k ap rete m
M ap chache lapè m, ego m maltrete m
Malad rap, yo te di m se on album k ap trete m
M peye menm pou sa m pa t prete
M bay tout mwen menm, o final di m kisa k ap rete m
D-Fi Powèt Revòlte - Letras
- 1+1=2 (feat. Ken-FS)
- Alter Ego
- Anyen Pa Chanje
- Apre Gè (feat. Ken-FS)
- Auto-Psy
- Bal Mawon
- Bal Ou Rim
- Bal Pèdi
- Bilan (feat. 35 Zile)
- Biyorim (feat. Ken-FS)
- Call Of Duty (feat. Mcm Powet Revolte, Ken Fs, Wellborn & Ja M Enigmatiq)
- Castro Sou Map La
- Dènye Vayb
- Dexter Sezon 2 (feat. Ken-FS)
- Flè Dizè (feat. Vanessa Jeudi)
- Geto Resital (feat. Vanessa Jeudi)
- Getoyout
- Imòtèl
- Intro
- Jamè Pou Kò W
- Johnny (feat. Stan Ofisyèl)
- Kè Brize
- Konsidere M Beni
- Koulwa Lanmo (feat. Tafa Mi Soleil)
- Kouzen (feat. Tafa Mi-Soleil & Lord IMP)
- Kraze CD m
- Levanjil Geto (feat. Elton John)
- Lonbraj Lalin (feat. Ja-M EnigmatiQ)
- Lòt Bò Baryè a (feat. Tafa Mi-Soleil)
- M P ap Rap
- Machann Sab (feat. Samantha Normil)
- Melanko Rim
- Mizik Sove Vi m (feat. Tafa Mi-Soleil)
- Mond Yo a
- Nothin
- Outro
- Pa Gen Rèv Ki Twò Gran (feat. Stan Ofisyèl)
- Pa Kite M
- Parano
- Pasyon M
- Piblik Mwen Ki Medya M
- Pou M Te Rive La
- Pousyè
- Powèt Revòlte
- Pwomès (feat. Ken-FS)
- Reflè M
- Regrè Sal
- Relè (feat. Ken-FS)
- Rèv Ak Plim
- Rèv yo (feat. Ken-FS)
- Rhod
- Road to Castro
- Sa K ap Rete m
- San Nou
- Sou Tonbo M
- Suisid (feat. Ken-FS)
- Tankou W (feat. Ken-FS)
- Ti Mari (feat. Ken-FS)
- Trèzan
- TTR (feat. Bobby Last One)
- Veni Vidi Vici (feat. Ken-FS)
- Vid
- Vise Vèsa (feat. Ken-FS)
- Viv An Gè
- Vizite Solèy (feat. LilBirdLeii)
- Woman Is Life (feat. Tafa Mi-Soleil)
- Yèswa (feat. Stan Ofisyèl)
- Zetwal Yo Konn Etenn (feat. Tafa Mi-Soleil)
top 30 músicas
©2003 - 2026 - musicas.mus.br