musicas.mus.br
Letras de músicas - letra de música - letra da música - letras e cifras - letras traduzidas - letra traduzida - lyrics - paroles - lyric - canciones - PASYON M - D-FI POWèT REVòLTE - música e letra
Utilize o abecedário abaixo para abrir as páginas de letras dos artistas
Pasyon M letra
M ap viv pasyon m, menm ak manman m chwazi tete grann
Raple w lè pyès pa t kwè nan mwen, pou santi yo pa t pete ban m
M te vle gran, yo di m swa w mouri, swa w touye, kote m soti a nèg, anyen pa t ka anpeche m si m te vle gang
Fistrasyon m? A! M pase sa sou kèk beat men
M aprann plen vè m a fòs m grandi ak kè vid men
Lank nwaye pèn, dlo mizè nwaye rèv
M voye je m nan je Esther chak lè èn ta vle nwaye kè m
E tanpi si m fini mal
M fini pa konprann ke siksè a menm pou nou tout men reyisit la chak moun defini pa l
Mizik fè m touche syèl
E si vrèman gen paradi, m espere kwaze papa m chak lè m monte sèn
Pou on mizik ke m renmen
E paske lanmou avèg m kite l mennen m
Ant plezi ak risk, ant mo lanmou ak fistrasyon
M bati vi m frè m m ap viv
Desepsyon parantal
Fanmi an konte sou mwen pou l sot la a men à ce qu'il paraît fè mizik onèt pa rantab
Rèv Ak Plim se byen, men manman m t ap pito on diplòm
Desepsyon inonde kè l kòm si l te kriye on siklòn
M ap trennen on lavalas doul dèyè chak souri m frè m
Se melankoli m ki fete lè m jwe vi m sou rim frè m
Rezon k fè m viv kounya a avan te on senp foli
Mizik anprizone m, m kondane a vi anndan on senfoni
Nòs majik
Depi lè m kwaze rap menm si fantasme sou avni m, sa rann mwen nostaljik
Men mizik fè m touche syèl
E si vrèman gen paradi, m esperz kwaze papa m chak lè m monte sèn
Pou on mizik ke m renmen
E paske lanmou avèg m kite l mennen m
Ant plezi ak risk, ant mo lanmou ak fistrasyon
M bati vi m frè m m ap viv
M te pèdi nan on rèv pandan kèk moun t ap moke m
Pòt siksè fèmen pou ouvè l, travay se mo kle
M te sot sou chimen an pou m al kontanple avni m
Sou po m, m pa t vle pou geto a te tanpe a vi
Yo te di m lavi pa p ba w, pran
M fè ovèdoz somnifè depi lè m apran ke pa gen rèv ki twò gran
Mizik sèvi m pon, reve pete plafon
Kouman pou m di w plis ap gen vid nan mwen, plis ba m yo ap gen fon
Chak kou m rap
M bliye sousi yo, nuit la gide plim mwen kou Psy 4, Soy un hijo de la luna
Mizik fè m touche syèl
E si vrèman gen paradi m espere papa m chak lè m monte sèn
Pou on mizik ke m renmen
E paske lanmou avèg m kite l mennen m
Ant plezi ak risk, ant mo lanmou ak fistrasyon
M bati vi m frè m m ap viv
D-Fi Powèt Revòlte - Letras
- 1+1=2 (feat. Ken-FS)
- Alter Ego
- Anyen Pa Chanje
- Apre Gè (feat. Ken-FS)
- Auto-Psy
- Bal Mawon
- Bal Ou Rim
- Bal Pèdi
- Bilan (feat. 35 Zile)
- Biyorim (feat. Ken-FS)
- Call Of Duty (feat. Mcm Powet Revolte, Ken Fs, Wellborn & Ja M Enigmatiq)
- Castro Sou Map La
- Dènye Vayb
- Dexter Sezon 2 (feat. Ken-FS)
- Flè Dizè (feat. Vanessa Jeudi)
- Geto Resital (feat. Vanessa Jeudi)
- Getoyout
- Imòtèl
- Intro
- Jamè Pou Kò W
- Johnny (feat. Stan Ofisyèl)
- Kè Brize
- Konsidere M Beni
- Koulwa Lanmo (feat. Tafa Mi Soleil)
- Kouzen (feat. Tafa Mi-Soleil & Lord IMP)
- Kraze CD m
- Levanjil Geto (feat. Elton John)
- Lonbraj Lalin (feat. Ja-M EnigmatiQ)
- Lòt Bò Baryè a (feat. Tafa Mi-Soleil)
- M P ap Rap
- Machann Sab (feat. Samantha Normil)
- Melanko Rim
- Mizik Sove Vi m (feat. Tafa Mi-Soleil)
- Mond Yo a
- Nothin
- Outro
- Pa Gen Rèv Ki Twò Gran (feat. Stan Ofisyèl)
- Pa Kite M
- Parano
- Pasyon M
- Piblik Mwen Ki Medya M
- Pou M Te Rive La
- Pousyè
- Powèt Revòlte
- Pwomès (feat. Ken-FS)
- Reflè M
- Regrè Sal
- Relè (feat. Ken-FS)
- Rèv Ak Plim
- Rèv yo (feat. Ken-FS)
- Rhod
- Road to Castro
- Sa K ap Rete m
- San Nou
- Sou Tonbo M
- Suisid (feat. Ken-FS)
- Tankou W (feat. Ken-FS)
- Ti Mari (feat. Ken-FS)
- Trèzan
- TTR (feat. Bobby Last One)
- Veni Vidi Vici (feat. Ken-FS)
- Vid
- Vise Vèsa (feat. Ken-FS)
- Viv An Gè
- Vizite Solèy (feat. LilBirdLeii)
- Woman Is Life (feat. Tafa Mi-Soleil)
- Yèswa (feat. Stan Ofisyèl)
- Zetwal Yo Konn Etenn (feat. Tafa Mi-Soleil)
top 30 músicas
©2003 - 2026 - musicas.mus.br