musicas.mus.br
Letras de músicas - letra de música - letra da música - letras e cifras - letras traduzidas - letra traduzida - lyrics - paroles - lyric - canciones - WOMAN IS LIFE (FEAT. TAFA MI-SOLEIL) - D-FI POWèT REVòLTE - música e letra
Utilize o abecedário abaixo para abrir as páginas de letras dos artistas
Woman Is Life (feat. Tafa Mi-Soleil) letra
M jwenn vi nan zantray youn, m wè bonè m nan je youn
Pou temwanye n respè m rape tèks sa ajenou
Se pou bote site yo, sa n wè kou prensès e rèn
K ap met lòd nan lavi n, repare chak erè n
Manman n k ap fè tèt a
Tribilasyon tout on fanmi pou swen, yo pote n sou do n p ap di yo n pile teta
Madanm ou konnen lanmou w presye
Men n grandi ak vid afektif padone n si n pa rive apresye l
Tisè m pou machin nan mache se ou k motèl
Pa kwè yo lè yo di ou plas ou se nan kuizin ak chanm otèl
Leve cecilia, fòk tchovi, yo viv, pran ti komès ou, mare senti ou desann nan faktori
P ap fè back menm douvan kout baton meri
Sou po ou pote fyète ou tankou neri
Lonè ou ak bonte ou fè bote ou fuck makiyaj
Mwen m twò wil, kite m rape byen fò woman is life
Yon flè k pouse kote pousyè leve
W bay lavi pandan souf ou ap bout
W bouske kote nou pa t imajine
Pou tyovi yo, ou se lavi
Zepin yo kontinye bay vi menm lè woz yo fane
Kè n on tanp sakre ego mal nou pwofane
Mizè a pran lanmou n pou nou l transfòme l an èn
Mwen m eseye refè l ak mizik pran sentaniz transfòme l an rèn
Devan sakrifis nou m wete chapo m
M wè fanm ki pran twotwa pou bay pitit yo chato
Lanmou n pa gen pri, ak lavi m wè n twoke kòn
M wè lè n bay kè nou yo pran kò n
Fanm gen doulè ou nan kouplè m yo
Dousè pa gen egal ou bèl jan ou ye a pa chanje koulè po w
M se pitit sa yo rele fanm djanm yo
Tifrè valè sè n yo se nan kè yo pa nan fant janm yo
Pou soulaje pèn nou on mizik p ap sifi
Nou sèl konn sa n viktim, nou sèl konn sa n sibi
M koube m douvan kouraj nou, soufri men n pa di way
Kite m rape byen fò, woman is life
Estè, jupilie, julie, milèn, iya, gimat, anisya, natali, irani, jizèl, olive, adasa
Yann, ema, tafa, vero, tati tonm, madan ti chofè, mami, aby, ruth, derlie, sè rene
13, marie jose mele, marie lynne, yves rose
Nou se lavi, nou bay lavi
Woman is life, woman is life
D-Fi Powèt Revòlte - Letras
- 1+1=2 (feat. Ken-FS)
- Alter Ego
- Anyen Pa Chanje
- Apre Gè (feat. Ken-FS)
- Auto-Psy
- Bal Mawon
- Bal Ou Rim
- Bal Pèdi
- Bilan (feat. 35 Zile)
- Biyorim (feat. Ken-FS)
- Call Of Duty (feat. Mcm Powet Revolte, Ken Fs, Wellborn & Ja M Enigmatiq)
- Castro Sou Map La
- Dènye Vayb
- Dexter Sezon 2 (feat. Ken-FS)
- Flè Dizè (feat. Vanessa Jeudi)
- Geto Resital (feat. Vanessa Jeudi)
- Getoyout
- Imòtèl
- Intro
- Jamè Pou Kò W
- Johnny (feat. Stan Ofisyèl)
- Kè Brize
- Konsidere M Beni
- Koulwa Lanmo (feat. Tafa Mi Soleil)
- Kouzen (feat. Tafa Mi-Soleil & Lord IMP)
- Kraze CD m
- Levanjil Geto (feat. Elton John)
- Lonbraj Lalin (feat. Ja-M EnigmatiQ)
- Lòt Bò Baryè a (feat. Tafa Mi-Soleil)
- M P ap Rap
- Machann Sab (feat. Samantha Normil)
- Melanko Rim
- Mizik Sove Vi m (feat. Tafa Mi-Soleil)
- Mond Yo a
- Nothin
- Outro
- Pa Gen Rèv Ki Twò Gran (feat. Stan Ofisyèl)
- Pa Kite M
- Parano
- Pasyon M
- Piblik Mwen Ki Medya M
- Pou M Te Rive La
- Pousyè
- Powèt Revòlte
- Pwomès (feat. Ken-FS)
- Reflè M
- Regrè Sal
- Relè (feat. Ken-FS)
- Rèv Ak Plim
- Rèv yo (feat. Ken-FS)
- Rhod
- Road to Castro
- Sa K ap Rete m
- San Nou
- Sou Tonbo M
- Suisid (feat. Ken-FS)
- Tankou W (feat. Ken-FS)
- Ti Mari (feat. Ken-FS)
- Trèzan
- TTR (feat. Bobby Last One)
- Veni Vidi Vici (feat. Ken-FS)
- Vid
- Vise Vèsa (feat. Ken-FS)
- Viv An Gè
- Vizite Solèy (feat. LilBirdLeii)
- Woman Is Life (feat. Tafa Mi-Soleil)
- Yèswa (feat. Stan Ofisyèl)
- Zetwal Yo Konn Etenn (feat. Tafa Mi-Soleil)
top 30 músicas
©2003 - 2026 - musicas.mus.br